17 oktòb 1806, 17 oktòb 2021
Apre 215 lanne sasinay anperè Desalin, Refonte Nationale vin mande tout Ayisyen kisa yo fè ak ideyal kokennchenn nèg sila a. Èske se te pou sa li te goumen pou ba nou libète ? Èske se pou sa li wete pou premye fwa nan listwa limanite dwa opresè yo te pran pou fè lòt pèp pase nan je zegui ? Kilè n ap pran konsyans ke se pa peyi sila a zansèt yo ki te riske vi yo te reve pou nou ? Kilè limyè a jayi nan lespri nou ? Sa nou fè ak egregò peyi a ? Sa nou fè ak Ogou Feray ? Sa nou fè ak Èzili Dantò ? Sa nou fè ak Kouzen Zaka ? Ki Ayisyen jounen jodi a k ap pran linyorans pou kredo l ? Ki Ayisyen jounen jodi a k ap pran nasyonalite l pou yon jouman ? Mezanmi, idantite nanchonnal la ap chape nan men nou ! Men yo nòmalize kriz peyi a wi ! Atò lè yo di yon moun tèl bagay irasyonèl e nou viktim kondisyonnman, li di w se Ayiti ou ye ! Men nou ap bese tèt nou devan lennmi nou wi. Nou lage lespri lajenès la nan men yo ! Se yon gwo wonte wi ki pou ta ap kale nou, lè nou wè peyi a nan eta sa a, pa gen yon moun ki gen ase kran, ase kouray pou mennen yon revolisyon.
Lè nou tout pran konsyans, n a mande tèt nou : "Kisa pou nou fè pou jeneresyon aprè yo konnen yon vrè sosyete ?"
La période de Noël marque la fin d'une année et le début d'une autre. Dans certains pays, c'est la fête la plus attendue. Dans d'autres, c'est la panique et le suspens qui dominent, parmi ces derniers on peut compter Haïti. Une question fait surface : peut-on vraiment parler de Noël en Haïti?! C'est la fin d'une année, la fin d'un chapitre, historiquement tragique auquel on ne s'y attendait pas l'année antérieure, donc 2020. Refonte Nationale propose une rétrospective des faits ayant tachés de sang et de pleurs l'an 2021. Crise sociale, crise politique, crise économique, succession de grèves, de manifestations, de morts; voici les principaux facteurs constitutifs des évènements à avoir marqué cette année. Un bon nombre de gens ont perdu des êtres qui leur sont chers. Combien de pères ont perdu leur fils? Combien de fils ont perdu leur mère? Et combien de mère se retrouvent aujourd'hui veuves? Combien de gens ont été kidnappé, ...
Commentaires
Enregistrer un commentaire